
Prevansyon Se Lavi
Pèdisyon se yon Veritab Pèt paske l’ se AVÒTMAN ESPONTANE li totalman diferan a jan nou entèprete l’ la.
Pèdisyon se pa yon maladi, plizyè fanm konn pa jwenn esplikasyon pou ki sa yo pa ka ansent, anpil bòkò ak travayè sante chalatan toujou fè kwè ke jèm pitit la nan vant, li pa devlope. Se konsa gen fanm ki kwè yo ka pote yon ti moun 3 à 4 lane nan vant. Tout sa pa laverite.
Nou dwe konnen, lè yon fanm gen règ, li fleri, savledi li pa ansent, li pa gen pitit andedan vant li, dèfwa, yon fanm konn pa regle paske l’ anemi san oubyen li gen yon lòt ti pwoblèm, san li pa ansent pou sa. Kèk fwa yon fanm ansent ka bay ti san regilyèman sa pa vle di li regle tou, se ti emoraji li fè. Lè yon fanm ansent tout bon vre, pitit la pap gen dwa fè 9 mwa ak kèk jou nan vant, gendedwa pitit la ka fèt prematire ki vle di fèt avan lè l’ te dwe fèt la.
Travayè sante konnen tout pwoblèm ki ka fè yon fanm difisil pou ansent, oubyen pa ka kenbe pitit andedan vant li (Fòskouch).
•Kisa k’ ka lakòz yon fanm fè foskouch?
W’ap jwenn repons kesyon sa lè n’ap pale w’ de fòskouch.
Malè ak ou ki kwè nan chalatan k’ap ba w’ bwè nan boutèy oubyen k’ap bay beny pou fè pitit devlope nan vant menm si fanm lan pa ansent.