WASHINGTON, DC — Prezidan peyi Meksik la, Enrique Peña Nieto, deside anile yon rankont li ta pral fè ak Prezidan ameriken an, Donald Trump. Desizyon sa a vin ranfòse tansyon k’ap ogmante ant gouvènman 2 peyi yo poutèt Misye Trump egzije Meksik peye pou konstriksyon yon miray li vle bati sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik.
AP (ajans nouvèl Associated Press) di Misye Peña Nieto pibliye sou kont twitter li yon nòt kote li anonse li pap reponn prezan nan rankont sa a ki te dwe dewoule madi 31 janvye 2017 la ant li menm ak Misye Trump nan Lamezon Blanch. Pi bonè nan jounen jedi a, Misye Trump te di yo ta dwe anile rankont la si Meksik pa dakò pou l’ peye pou konstriksyon miray la.