Kisa Beri Beri a ye?

Prekosyon Se Lavi

Beri Beri se yon maladi ki koze pa yon karans pwofon ou yon defisi de Vitamin B1 ou Tyamin nan kò a e ki parèt kòm yon fòm malnitrisyon. Se pa yon Ògàn ki pwodui Vitamin B1 an se aliman ou manje chak jou ki pote l’ nan kò a, Ou ka jwenn Maladi sa nan peyi oksidan yo, Li plis touche peyi Tyèmond yo kote viv prensipal yo se diri.

Diri a Pèdi Vitamin B1 an nan Dekòtike diri a ki vle di retire pay diri a, nan lave l’ pou mete l’ kuit, lè l’ kuit nan gwo dife, nan twòp dlo.

Siy ak Sentom Maladi Beri Beri

Moun ki soufri maladi sa a santi Pikotman nan pye, pye yo lou, malad la gen difikilte pou mache, li pa santi okenn sansasyon ni doulè nan pye yo, dèfwa malad la konn menm paralize pa ka mache. Lè maladi a gaye nan kò a, tout kò a vin pa sansib, kè l’ ap bat vit, doulè nan pati kè ak lòt ankò ki konn lakòz lanmò malad la. Pou n’ ajoute sou siy ak sentom yo n’ap di malad la konn santi fatig, ensifizans Kadyak, malfonksyonnman Nè sansitif yo, pwoblèm sikilasyon e sekretwa.

Pou Prekosyon byen li tèks la oubyen poze Kesyon pou konn plis bagay sou Beri Beri. MÈSI

Check Also

Kisa Dlo ye?

Prevansyon se Lavi Dlo se bagay ki pi enpòtan, Nan yon peyi ki pa gen …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *