Aprann konnen kisa malozye ye.

Prevansyon Se Lavi

Maladi ki rele Malozye a, nou an n Ayiti souvan rele l’ Pich Pich ak azoumounou, se yon enfeksyon ak yon mikwòb ki antre nan zye yo.

Lòt fason nou ka rele Maladi a ankò, se Konjonktivit, ki vle di enflamasyon yon ti vwal yo rele Konjonktiv ki pwoteje chak grenn zye yo
Li se yon maladi atrapan nou souvan rankontre nan peyi nou, sou fòm epidemi ak lakay ti bebe ki gen paran yo malad nan pati jenital yo, plis sa ki soufri Gonore ak Trikomonyaz iwojenital, ti bebe a atrape maladi a pandan l’ap fèt,se li ki rele “Konjonktivit Neyonatal” la

Siy ak Sentom
Lè yon moun soufri Maladi a. Zye yo grate l’, brile l’, yo fè l’ mal, yo vin tou wouj, yo anfle, yo fè ti matyè jòn tankou pij.

Check Also

Kisa Dlo ye?

Prevansyon se Lavi Dlo se bagay ki pi enpòtan, Nan yon peyi ki pa gen …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *