Prevansyon Se Lavi
Nou kapab di avòtman espontane lè yon fanm ansent pèdi anbriyon oswa fetis la anvan 20 semèn, paske li fèt pou kont li san yo pa pwovoke l’. Se sa k’ fè Chalatan toujou fè kwè ke Pèdisyon egziste,Gen de lè tou, yon fanm kapab fè yon foskouch avan menm li konnen ke li te ansent.
Kisa ki lakòz foskouch?
Fenomèn sa a lasyans pa rive konprann li twò byen, men etid ke yo reyalize montre ke majorite foskouch ki fèt pandan 3 premye mwa gwosès yo se paske pwodwi konsepsyon fetis la, te genyen yon malfòmasyon oswa yon pwoblèm nan kwomozòm li. Genyen tou plizyè lòt bagay ki kapab lakòz foskouch tankou:
- Enfeksyon
- Malfòmasyon nan matris fanm nan
- Pwoblèm nan kòl matris la, kòl la ouvè
- Malnitrisyon sevè, dyabèt ki pa kontwole
- Maladi nan glann tiwoyid ak maladi Òmonal
- Maladi nan sistèm iminitè ak nan Ren
- Radiyasyon, alkòl, sigarèt, dwòg ak kèk medikaman famasetik sitou konprime
Men kèk Siy ak sentòm ki ka fè w’ sispèk foskouch
Si ou wè
- W’ap senyen tankou ou te gen règ ou
- Ou genyen gwo vant fèmal tankou tranche
- Gro doulè nan do
- Lafyèv ak feblès
Prese al wè doktè pou w’ kapab pwoteje gwosès la, si li natirèl tou ou pa ka anpeche l’ rive. aprè foskouch la doktè a ap oblije fè pou fi a dilatasyon ak kitaj pou li netwaye matris la. Danje si rès plasennta rete nan matris la, li kapab pwovoke gwo enfeksyon ki kapab koute w’ lavi w’