Prevansyon Se Lavi
Lityaz Renal yo souvan rele (Pyè-nan-ren), se plizyè Kristal di ki fòme nan ren ki konn lakòz gwo doulè, Medsen yo itilize tèm Lityaz irinè a pou dezinye kristal yo ke nou kapab twouve nan aparèy irinè (Vesi, irèt ak itè)
Prèske 90% ka Lityaz fòme anndan ren. Gwosè yo se yon bagay ki varyab, sòti nan yon milimèt pou rive nan plizyè santimèt dyamèt. Pifò nan yo elimine espontaneman pase nan kanal yo atravè divès konduit sistèm irinè a ki pwodui kèk sentom. Iretè yo ki sitiye ant ren yo ak vesi (Blad Pipi) a ki kanalize nan yon ti kalib, pandan transpò piblik Vesi a li ka fasilman bouche iretè a e koz yon doulè ki rele Kolik Nefwetik (Ren Tranche)
Kisa ki lakòz Lityaz renal?
Lityaz se kristalizasyon sèl mineral ak asid ki prezante yon wo konsantrasyon nan Pipi a, Pyè-nan-ren kapab touche yon moun ki manke bwè dlo, epi yon moun ki konsome twòp grès, lè sa a se bil la ki twò chaje ki vin bay Lityaz Renal
Sentom
- Doulè nan kolòn vètebral onivo lonbè, pi ba do prezan sèlman yon bò, doulè sa a, Medsen yo konstate ki se youn nan pi gwo doulè Medikal.
Kòman yon moun ka konfime si l’ soufri Lityaz renal si tout fwa li santi doulè nan kolòn vètebral ?
Se dyagnostik la y’ap fè moun lan, konsa: egzamen klinik jewografik nan sentòm maladi a, ak kèk ekzamen sangen, epi Radyografi abdomèn nan ki rele ASP (Abdomèn San Preparasyon)