Ase souvan, tout manm kongrè a konn gen biyè envitasyon pou pèmèt moun vin tande diskou prezidan ameriken an, jan sa pral fèt 28 fevriye 2017 la. Sepandan, se souvan yon fanmi , yon zanmi, oubyen yon moun nan sikonskripsyon palmantè yo ki konn jwenn mòd envitasyon sa yo. Fwa sa a, objektif kan Demokrat la se voye yon mesaj …
Read More »Monthly Archives: February 2017
Men youn nan fason Trump ka fè Meksik finanse pwojè Miray k'ap separe 2 Peyi yo
Tout mond lan prèske ap poze yon sèl kesyon Sou koze Miray ki pral separe Meksik ak Etazini an : Kòman Trump ap fè pou se Meksik ki finanse Pwojè a Etazini gen yon èd ki vo prèske 50 milyon dola ameriken li konn bay Meksik chak ane pou sekirite, ta sanble se èd sa administrasyon Trump lan pral koupe …
Read More »Sipòtè Guy Philippe yo mande Prezidan Sena Ayisyen an ak Prezidan Peyi a di yon Mo sou Dosye arestasyon Senatè a
Yon Komite k’ap sipòte Guy Philippe mande prezidan sena a, Youri Latortue, entèvni an favè Senatè-eli Grandans lan ki twouve l’ nan prizon Ozetazini sou akizasyon trafikan dwòg ak blanchiman lajan.
Read More »Reyaksyon Senatè Jean Marie Salomon sou chwa Minis deziye pa Prezidan Jovenel Moise
Deklarasyon Senatè Jean Marie Salomon sou chwa Minis Prezidan Peyi a, di konsa : Sa gen plizyè jou depi te gen negosyasyon, konsiltasyon ki t’ap fèt ant Prezidan Jovenel Moise ak yon gwoup Depite, te gen yon gwoup majoritè ki te rankontre Prezidan an tou sa gen 72 è, epi te gen yon chita pale ki te gen pou fèt ant Prezidan …
Read More »Nan lanmè peyi libi yo jwenn 74 kadav Migran Afriken
Jounen 21 fevriye ki sot pase a, Pòtpawòl Kwasan-Wouj, Mohammed Al-Misrati, fè konnen ” gen plis pase 74 migran Afriken ki mouri nan lanmè Libi ki t’ap eseye touche Ewòp sou yon kannòt” , gen posiblite pou yo jwenn lòt kadav toujou paske kannòt sa yo konn pote anviwon 120 moun
Read More »Menas yon Tranbleman-de-tè Mòtèl Sou Rejyon gran nò Peyi Dayiti
Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit, mande gouvènman ayisyen an adopte e egzekite prese prese yon plan enprevi pou rejyon Gran Nò a k’ap fè fas ak yon menas tranblemanntè mòtèl daprè dènye etid fim jeni ak konstriksyon entènasyonal Miyamoto. Mesye Prépetit fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik li fè konnen ke Etid sa a prevwa …
Read More »Anbasadè peyi Larisi nan Nasyonzini, Vitaly Churkin, Mouri Mò Sibit nan New York
NEW YORK —Mesye Churkin te Anbasadè Larisi nan Nasyonzini depi 2006, mouri nan laj 64 lane “mò sibit” nan New York lendi 20 fevriye 2017 la, yon jou anvan li fete 65èm anivèsè li. Ministè a ki kalifye mesye Churkin se “yon gwo diplomat Ris” Voye kondoleyans pi pwofon bay fanmi ak zanmi Mesye Churkin. Veteran diplomat la te tanmen karyè …
Read More »Prezidan Jovenel Moïse vizite Sant Dyaliz ki nan lopital Jeneral la yè Samdi 18 Fevriye a
3 jou aprè kote pasyan ki nan sant Dyaliz lopital jeneral yo te rele sekou yo pa jwenn swen, Travayè sante neglije yo paske yo pa touche, Malad yo ki nan sant Dyaliz la pa gen kob pou y’ al nan lopital prive, yo pa ka sipote y’ap fè fas ak divès kalite pwoblèm, manje ki kapab estimile Maladi a …
Read More »Lityaz Renal (Pyè-nan-ren)
Prevansyon Se Lavi Lityaz Renal yo souvan rele (Pyè-nan-ren), se plizyè Kristal di ki fòme nan ren ki konn lakòz gwo doulè, Medsen yo itilize tèm Lityaz irinè a pou dezinye kristal yo ke nou kapab twouve nan aparèy irinè (Vesi, irèt ak itè) Prèske 90% ka Lityaz fòme anndan ren. Gwosè yo se yon bagay ki varyab, sòti nan yon …
Read More »Etazini gen anpil chans pou kolabore ak Larisi si kondisyon yo reyini
WASHINGTON, DC — Sekretè Deta Etazini an, Rex Tillerson, fè konnen Washington ka kolabore ak Moskou nan sèten sikonstans. “Pandan n’ap chache ki jan nou ka antann nou, nou atann ke Larisi onore angajman li nan kad akò Minsk yo e travay pou redui vyolans la nan ikrèn,” se konsa Mesye Tillerson pale nan vil Bonn an n Almay, kote …
Read More »