Kisa MST a ye?

(MST) ou (MTS) yo konn rele tou (IST) Infections Sexuellement Transmissibles

Maladi seksyèlman Transmisib (MST) se yon konsekans rapò seksyèl ki fè wont, ki fè mal epi ki mòtèl. Avèk bon enfòmasyon ou souvan kapab evite yo. Men, ou dwe okipe w tou pran enfòmasyon sou abstinans, bani enfidelite epi si w ap fè sèks avan maryaj sèvi ak kapòt pou pwoteje tèt ou ak patnè w .

Kisa yo rele MST a?
Se yon enfeksyon kote jèm yon viris, yon bakteri oubyen yon parazit pase sòti sou yon moun al sou yon lòt pandan kontak seksyèl. Kontak sa a abityèlman konsène pati jenital ak Anis. Gen enfeksyon ki kapab geri, alòske gen lòt – tankou VIH/SIDA – ki pa ka geri.
Gen plis pase 20 kalite MST. Kèk nan sa ki pi kouran yo se èpès, klamidya, gonore ak sifilis. Daprè Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi, moun ki enfekte avèk MST gen omwen ant de (2) ak senk fwa plis chans pase moun ki pa enfekte pou yo pran enfeksyon VIH si yo vin ekspoze a viris la pandan kontak seksyèl.

Kijan pou w fè konnen si w gen yon MST?
Sa depann de MST a. Gen sentòm ki parèt rapid, epi ki kapab parèt tankou ekoulman ki pa abityèl, doulè lè moun nan ap pipi, plè wouj oubyen boul nan pati jenital moun nan. Sentòm yo diferan tou pou gason ak fanm. Yon MST  tankou VIH kapab pran jiska 6 mwa pou yo detekte l. Si w remake nenpòt ki sentòm chèche atansyon medikal touswit pou konn ki (MST) ou genyen pou jwenn gerizon epi evite lòt rapò seksyèl toutotan w poko trete.

Prevansyon ou Prekosyon

Evite Al nan relasyon seksyèl san kapòt, evite Viv nan (Komiskuite)  ki vle di pa mete menm rad ak anba rad moun ou sispèk ki soufri enfeksyon sitou sila yo ki bay (Lekore) sa yo rele Ekoulman an. Pa fè sèks nan dèyè, Evite Sèvi ak menm bròs dan a 2 pa sèvi nan menm Egizwa, Jilèt tandot lòt ajan ki ka bay Lezyon Ensizyon ak moun si w vle yon Pwoteksyon a 100 pousan pa fè sèks ditou toutotan ou pa nan yon relasyon serye ki gen konfyans ladan l. Men si w pa gen entansyon fè sa, alò pwoteje tèt ou avèk kapòt chak fwa w ap fè sèks, espesyalman si w pa nan relasyon avèk yon sèl moun. Sa ede tou lè w konn antesedan seksyèl patnè w. Chèche konnen si w se sèl patnè seksyèl li, paske plis yon moun gen patnè, plis ou gen risk MST. Rete je kale epi fè sante seksyèl ou yon priyorite.

Check Also

Kisa Dlo ye?

Prevansyon se Lavi Dlo se bagay ki pi enpòtan, Nan yon peyi ki pa gen …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *