Kisa Dlo ye?

Prevansyon se Lavi

Dlo se bagay ki pi enpòtan, Nan yon peyi ki pa gen bon Dlo, anpil dlo, sitwayen yo pa ka gen bon jan lasante.
Nou jwenn Dlo sou plizyè fòm tankou solid, likid ak vapè. Dlo reprezante twa ka (3/4) nan kò moun.

Kisa Dlo pòtab vle di?
Dlo potab, se tout dlo pwòp moun ka bwè ki pa gen okenn eleman Nosif ki ka fè moun malad, se sa k’ fè nou dwe toujou trete tout dlo n’ap sèvi.

Dlo ki pa potab se dlo ki sal ak poupou, pipi, krache, vye bagay ki sòti nan izin, tout vye bèt mouri ak vye bagay pouri. Sa ki sòti nan moun oubyen nan zannimo ki tonbe atè dlo lapli pran yo pou mennen yo anba tè nan sous dlo, nan pi, nan lanmè. Dlo lapli pa potab, paske l’ desann ak pousyè ki nan lè a, ak malpwòpte ki sou tòl, sou dal li tonbe a, anvan l’ rive nan veso k’ap pran dlo a.

Dlo ki pa potab ka pote lakay nou maladi tifoyid, malarya, Kolera, maladi nan fwa, nan trip, maladi vè nan vant ak anpil lòt ankò.

Fason nou ka fè yon dlo pwòp vin Potab ou byen trete se : Bouyi Dlo, filtre dlo, chofe dlo nan solèy ak mete pwodui nan dlo ki fèt pou sa.

Check Also

Lityaz Renal (Pyè-nan-ren)

Prevansyon Se Lavi Lityaz Renal yo souvan rele (Pyè-nan-ren), se plizyè Kristal di ki fòme …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *