Moïse Jean Charles bay Sous Divizyon ant li ak Asad Volcy

Jounen Lendi 13 Fevriye a, nan yon entèvyou ansyen Senatè Nò a te akòde Marie Lucie sou Radyo Vizyon 2000, li bay rezon ki fè li menm ak Asad Volcy pa nan kan ap batay pou sa yo kwè.

Ansyen Senatè nò a te pran lapawòl pou l’ te di: Mwen pa t’ deside sipòte e voye Asad Volcy nan eleksyon kòm senatè lwès, paske Asad gen yon Dosye li enplike ki te pase nan lane 83 yo toujou ap fawouche l’ ak li, dosye sila nan DCPJ. Malgre sa nou pa t’ refize fè eleksyon ant manm Platfòm nan pou n’ te chwazi yon moun ki pou al reprezante Platfòm Pitit Desalin nan eleksyon Senatoryal yo nan lwès, Majorite manm pati a te vote Muraille Jean Mirto, Asad Volcy di se mwen ki fè magouy pou nou pa voye l’ kòm senatè se depi la divizyon an sòti.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *