Monthly Archives: January 2017

Québec: 6 Mizilman mouri nan yon atanta Teworis

2 agresè frape Kebèk yèswa, lakòz 6 mò 19 moun blese 5 nan yo nan eta kritik, pami yon senkantèn fidèl reyini pou  yon sware de priyè . 2 sispèk yo idantifye jounen Lendi a nan maten  youn rele Alexandre Bissonnette e lòt la rele Mohamed Belkhadir youn nan yo se prezime tyeri, e lòt la konsidere kòm temwen Sous direk: Ma …

Read More »

Ansyen Prezidan Ameriken an Barack Obama denonse tout diskriminasyon sou kwayans ou relijyon

Aprè 10 jou kote Barack Obama te remèt pouvwa a bay Prezidan Donald Trump, jounen Lendi 30 Janvye a li sòti nan silans li pa vwa yon pòt-pawòl, pou ankouraje ameriken yo manifeste pou defann Demokrasi san li pa mansyone Donald Trump, ki siksede l’ 20 Janvye ki sot pase a. Pòt-pawòl ansyen Prezidan an , Kevin Lewis deklare nan yon …

Read More »

Manifestasyon nan plizyè Ayopò atravè Peyi Etazini kont Dekrè Prezidan Donald Trump pran ki anpeche sitwayen 7 Peyi ki gen anpil Mizilman antre Ozetazini

Ameriken nan New York,Newark, New Jersey ,Fairfax, Vijini Nan kèk lòt eta tankou Denvè, Chikago, Dallas, Seattle, Portland, Oregon, Los Angeles, San Francisco ak San Diego. leve manifeste kont desizyon Prezidan Donald Trump lan pou anpeche moun k’ap sòti an n Irak, Iran, Libi, Somali, Sudan, Siri and Yemen antre Ozetazini. Direktè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly deklare nan dimanch 29 janvye 2017 la …

Read More »

Prezidan Meksiken Enrique Peña Nieto, anile yon rankont ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump

WASHINGTON, DC — Prezidan peyi Meksik la, Enrique Peña Nieto, deside anile yon rankont li ta pral fè ak Prezidan ameriken an, Donald Trump. Desizyon sa a vin ranfòse tansyon k’ap ogmante ant gouvènman 2 peyi yo poutèt Misye Trump egzije Meksik peye pou konstriksyon yon miray li vle bati sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik. AP (ajans nouvèl Associated Press) …

Read More »

Prezidan Donald Trump pare pou siyen yon dekrè sou konstriksyon yon Miray ant Etazini ak Meksik, ak Imigrasyon ilegal

WASHINGTON, DC —Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou l’ pase lòd pou otorite yo konstwi yon miray toutolon fwontyè Lèzetazini ak Meksik la pou bloke antre imigran ilegal sou tèritwa ameriken an, limit admisyon refijye nan peyi a epi fè fas kare ak otorite vil amarikèn k’ap pwoteje imigran ilegal yo. Nouvo prezidan an gen plan pou l’ siyen …

Read More »

Donald Trump efase Omoseksyèl Ozetazini

Depi lè Prezidan Trump te kandida li  te opoze maryaj menm sèks, li ak Vis Prezidan Pence te pran fò sikonstans dwa anti-masisi nan tout karyè politik li. Nouvo administrasyon an mete ajou ofisyèl sou sit wèb Mezon Blanch lan pou efase koze maryaj menm sèks sa a ki pa t’ nan ajanda yo, kominote LGBT an se yon pati remakab ke administrasyon …

Read More »

Prezidan Jocelerme Privert, bay garanti sou bon Òganizasyon 2èm tou eleksyon lejislatif ak lokal yo

Prezidan Privert deklare, “Eleksyon 29 janvye yo pral dewoule menm jan ak sa 20 novanm pase yo. Mesye Privert fè deklarasyon sa a lendi 23 janvye 2017 la nan moman li t’ap patisipe nan reyinyon sou sekirite eleksyon sa yo ak otorite Polis Nasyonal la PNH ak polisye Misyon Nasyonzini yo, Minustah.

Read More »