WASHINGTON DC — Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè ki vin adousi aplikasyon yon règleman ki te anpeche legliz yo ki pa peye taks nan peyi a– mele nan zafè politik.
Lidè ameriken an siyen dekrè a nan jounen jedi 4 me 2017 la nan okazyon Jounen Nasyonal Lapriyè a. Dokiman an bay biwo federal ki la pou ranmase kontribisyon nan men anplwaye ak patwon yo (Biwo Revni Entèn nan, abreje anglè IRS), “tout dwa ki nesesè” pou l’ entèprete règleman ki afekte aktivite politik lidè relijye yo, men an reyalite se yon règleman biwo a mete an n aplikasyon raman.
Se konsa tou, dekrè prezidansyèl la adousi pinisyon ki t’ap peze sou do gwoup relijye konsèvatè ki pa t’ dakò ak yon pati nan refòm ansyen Prezidan Barack Obama te pote nan sistèm swen sante a e ki egzije gwoup sa yo peye pou asirans sante anplwaye ki vle fè dilatasyon (avòtman) oubyen gwoup ki kont lòt lwa federal ki pa an n akò ak prensip relijye yo pratike.