Ameriken nan New York,Newark, New Jersey ,Fairfax, Vijini Nan kèk lòt eta tankou Denvè, Chikago, Dallas, Seattle, Portland, Oregon, Los Angeles, San Francisco ak San Diego. leve manifeste kont desizyon Prezidan Donald Trump lan pou anpeche moun k’ap sòti an n Irak, Iran, Libi, Somali, Sudan, Siri and Yemen antre Ozetazini.
Direktè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly deklare nan dimanch 29 janvye 2017 la li kwè pèmèt moun ki gen kat rezidans yo antre Ozetazini se yon bagay ki nan enterè peyi a. Misye Kelly ajoute dekrè sou imigrasyon PrezidanTrump lan ale nan menm sans lan.
Deklarasyon Mesye Kelly a vin retire dout ki te genyen sou dekrè Prezidan Trump pran pou anpeche refijye ak imigran nan 7 peyi mizilman antre Ozerazini. Dekrè sa a valab pou 90 jou nan objektif pou anpeche gwoup teworis antre Ozetazini.
Prezidan Ameriken an Donald Trump defann plan imigrasyon l’ lan kote l’ di “se pa yon kesyon de relijyon, men se pito “anpeche teworis antre Ozetazini epi kenbe peyi a an sekirite.”
Prezidan Trump deklare, “Etazini se yon nasyon ki gen fyète e nou kontan akeyi imigran. Nou pral kontinye montre nou gen bon kè pou moun y’ap pèsekite nan lòt peyi. Men n’ap fè sa pandan n’ap asire sekirize fwontyè nou yo ak pwoteje sitwayen peyi a.”