Carel prije Vag lavi nan yon entèvyou

Jodi Mèkredi 25 Janvye 2017 la, Vag Lavi ki se te envite nan Chokarella pou te bay eksplikasyon sou Tèks Mereng Kanavalès li a nan lide pou yo fè ayiti reviv yon fason pou ti moun kapab tande tout kanaval yo, nou t’ap swiv ak atansyon Vag Lavi ki te vrèman mare nan entèvyou a pou l’ te reponn kesyon yo.

Pou Vag lavi te kòmanse li te pran lapawòl pou l’ di non Vag Lavi a, li te chwazi l’ pou moun pa t’ gen pwoblèm resite non l’ e pou non sa a te ede l’ fè siksè nan mizik.
Carel ki se animatè Cho a, pa t’ dakò ak VaG Lavi sou tout repons atis la te bay e Carel te vle fè kwè ke Vag lavi pa konn sa l’ap fè a e di pou Vag lavi pran kaye l’ pou l’ ale nan lekòl Fresh la paske se Fresh la ki pi fò nan fè fòm travay sa Vag la vle fè a, Youn nan atis Les Jumeaux yo ki sou kanaval Vag lavi a te nan entèvyou a, se li ki te vin pote yon vrè eksplikasyon sou ” Krè k’ anlè ” ki se tit kanaval Vag Lavi pou ane a.

Sa nou panse nou menm TKPNews, se yon bèl travay Carel ap fè pou fè Ayiti Reviv tout bon vre, men jan Carel t’ap prije atis la se te yon fason ki te ka fè atis la pèdi Notoryete l’, anpil respè pou Carel pou bon travay li n’ap voye di l’ n’ap tann yon lòt entèvyou konsa ankò ant li menm ak Sweet Micky ki pral sòti yon kanaval titre 2 Ke

Check Also

Shabba ft D-Perfect__Me no cry for you

Télécharger Me no cry for you__Shabba ft D-Perfect

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *