Camille Edouard Junior, pote eksplikasyon sou rezon ki lakòz li pa t’ reponn ak divès envitasyon komisyon jistis ak sekirite Sena repiblik la. Minis la fè konnen komisyon jistis Sena a pa t’ ba li ase tan pou l’ te prepare dokiman li t’ap bezwen yo.
Read More »Monthly Archives: January 2017
Plizyè Santèn milye moun patisipe nan Manifestasyon anfavè dwa Fanm yo nan Washington DC ak plizyè lòt Vil
OZETAZINI — Plizyè milye moun desann nan Washington DC samdi 21 janvye 2017 la pou apiye mach medam yo fè kont politik administasyon Prezidan Donald Trump lan. Manifestasyon sa a ki te òganize sou tèm, “ Dwa Fanm fè pati Dwazimen” te dewoule nan plizyè lòt vil Ozetazini ak kèk lòt peyi nan mond la. Mach sa a — ki te …
Read More »Yon gran siksè pou DJ Queen
Ane sa a DJ Queen patisipe nan egzèsis prekanavalès avèk pwòp Cha li. Li fè pati lis 11 DJ otorize pa lameri Pòtoprens pou pèfòme sou Channmas pandan 6 pwochen dimanch yo Nou panse 6 Dimanch pap posib paske Dimanch 29 se eleksyon kolektivite teritoryal ak dezyèm tou senatoryal, men kòm se Ayiti nou ye nou konnen tout bagay posib.
Read More »UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers) bay detay sou dosye Jovenel Moïse la
Direktè Jeneral UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers), Sonel Jean-François, bay yon konferans pou laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, kote li mete devan jounalis yo nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a, Jovenel Moïse, nan yon rapò UCREF ki soupsone pwochen chèf deta a nan aktivite blanchiman lajan. Misye Jean-François fè konnen pa gen erè …
Read More »Prezidan Eli Ayisyen an, Jovenel Moïse, rejte rapò UCREF ki ta Asossye l' ak aktivite blanchiman lajan
WASHINGTON, DC — Prezidan eli ayisyen an, Jovenel Moise, reyaji sou yon rapò UCREF–Unité Centrale de Renseignements Financiers– ki sispèk kòmkwa li ta mele nan aktivite blanchiman lajan– rejte tout nouvèl ki ta pale de enplikasyon l’ nan aktivite konsa. Pwochen chèf deta a fè konnen li deja pran avoka pou defann repitasyon l’. Pandan Misye Moïse te nan ayopò entènasyonal …
Read More »Kolonbi-Politik : Pwochen repriz negosyasyon yo ant gouvènman an ak Gwoup Guerilla ELN
WASHINGTON, DC — Nouvèl ki sòti nan peyi Kolonbi fè konnen gouvènman an pral reprann negosyasyon ki te bloke ant otorite yo ak manm yon lòt mouvman guerilla nan dat 8 fevriye 2017 la aprè gwoup la te aksepte libere yon militan politik li te pran an n otaj. Se 2èm pi gwo gwoup rebèl nan peyi a e non li …
Read More »Prezidan eli Ayiti a rankontre Prezidan Danilo Medina nan Santo Domingo
Prezidan eli Aysiyen an, Jovenel Moise, kòmanse depi lendi aprè midi yon vizit 3 jou nan Repiblik Dominikèn. Mesye Moïse, ki fè deplasman an ak yon delegasyon plizyè òm dafè, gen divès rankont enpòtan sou pwogram vizit li a.
Read More »X, PDG RKM, ba nou kèk presizyon sou dosye eksplwatasyon lebèl la sou atis yo
RKM Recordz se yon lebèl ayisyen ki jwenn egzitans li nan dat 09 Septanm 2009 Kwadèboukè, pa X ki se yon ansyen rapè, DJ, animatè Rap Kreyòl nan USA, ki te rejwenn yon patizan li ki te konn pwomot li lè li te konn fè rap, li te di pwomotè li a an n met men ansanm pou n’ envesti …
Read More »Jerizalèm: Yon Kamyon Teworis fonse sou yon gwoup sòlda
19 Jou aprè yon Kamyon te fonse sou yon foul moun nan peyi almay nan vil Bèlen, yon tris nouvèl menm jan an Anonse pa Lapolis ak sèvis Anbilans nan Jerizalèm fè konnen gen yon Kamyon ki fonse sou yon gwoup sòlda dimanch 8 Janvye 2017 la, nan Jerizalèm, ensidan anrejistre Omwen 4 moun mouri e yon kenzèn blese.
Read More »Ozetazini: Premye Fwa yo konnen yon Moun ki « Intersexe »
Se premye fwa Ozetazini yon Ak-de-nesans mansyone ak « Intersexe ». Depatman Sante ak Ijyèn Mantal nan Vil Nouyòk pibliye ak-de-nesans sa a pou Sara Kelly Keenan, fèt nan Nouyok li gen 55 lane. Yo pa konnen l’ kòm ni fanm ni gason, yon moun ki entèsèks ou (entèseksye) Posede “Yon Konfòmasyon biyolojik (Karakteristik Jenetik, òmonal e Fizik) ki pa ni eksklizifman …
Read More »