Yo antere sann kadav ansyen lidè kominis Fidel Castro nan lès Kiba byen bonè dimanch maten 4 desanm 2016 la aprè otorite yo te dekrete 9 jounen dèy sou tout teritwa peyi Kiba.
Seremoni prive a te fèt ala dènyè minit nan simityè Santa Ifigenia. Jounalis ki te sòti toupatou nan mond lan pou kouvri seremoni an pat gen aksè e yo pa t’ kapab rive nan zòn simityè a.
Fidel Castro se te yon lidè popilè. Anpil moun konsidere l’ kòm yon gwo chanpyon nan defann moun ki pòv. Genyen anpil lòt moun tou ki konsidere Castro tankou yon tiran oubyen yon diktatè ki kraze ekonimi peyi Kiba epi vyole dwa moun. Otorite kiben yo te anonse lanmò Fidel Castro jou ki te 25 novanm 2016 la aprè sante li te fin deteryore. Li te gen 90 zan.
Sann kadav ansyen lidè a, Fidel Castro, te rive samdi 3 desanm nan Santiago, vil kote li te kòmanse revolisyon kibèn nan an 1953. Fidel Castro te pran pouvwa a an 1959.
Aktyèl prezidan Kiba a, Raoul Castro, ki t’ap adrese l’ ak plizyè milye moun nan vèy dèfen an nan samdi swa, deklare gouvènman kiben an ap kenbe pwomès li, jan Fidel Castro te mande l’ la, pou yo pa kreye oubyen bay oken moniman pote non dèfen an.
Nan vèy ki te fèt samdi swa a, moun te ka remake prezans kèk alye ak zanmi ansyen lidè kominis la tankou prezidan peyi Venezuela a, Nicolas Maduro, ak ansyen foutbolè ajanten byen koni Diego Maradona.
Jamesly Pierre TKPNews