Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon prezidansyèl Etazini an nan mwa novanm ane 2016 pase. Mesye Putin di yon akizasyon konsa se “senpman rimè” k’ap sikile pou rezon politik nan peyi Etazini.
Lidè peyi kominis la fè deklarasyon sa a madi 2 me 2017 la pandan yon konferans pou laprès ansanm ak Chanselye Almay la Angela Merkel. 2 lidè yo rankontre nan Sochi, an Risi nan kay vakans mesye Putin ki nan zòn Lanmè Nwa a.
Relasyon ant Almay ak Larisi vin chaje ak pwoblèm chak k’ pase sou kesyon lagè nan Siri a ak aksyon ris yo poze kote yo pran teritwa Krime nan men vwazen li Ikrèn.

Check Also

End sèmante pou l’ tire revanj poutèt Sòlda lame Pakistan ta touye 2 Sòlda li sou fwontyè a

Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *