Dekouvri Fedia yon jèn atis ayisyèn ki soti Kwadèboukè

Fedia se yon jèn atis Ayisyèn, enfimyè, enfòmatisyèn, chantez nan tandans chansonèt. li fèt kwadèboukè 12 Dec 1992. li kòmanse chante depi nan laj 13 lane pasyone e entèprete mizik chansonèt.
li gen 2 mizik tou 2 chante an fransè, Premye antre l’ nan estidyo Se pat mizik li se te yon kolaborasyon .

Dezyèm antre nan estidyo li pou l’ anrejistre premye mizik solo li se te an 2012 titre ” Monde Mélangé ” se konsa li pa janm sispann travay pou l’ te reyalize an 2016 ” La Difference ” ki se yon bèl mizik sosyal ki gen anpil leson moral ladanl.
Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li, an n li ansanm konvèsasyon TKPNews ak Fedia

TKPNews: Bonjou Atis la Sakap fèt?

Fedia: Bonjou, Bonjou TKPNews Mw vrèman santi m’ kontan pou bèl travay sa ke n’ap fè a ki se dekouvri talan kache, nou menm antake atis ayisyèn nou te manke sa anpil, anpil

TKPNews:  Oke atis la TKP Remèsye w’ tou pou efò w’ ak respè a,  Fedia ki vrè non ou? pale nou byen kiyès ki Fedia a

Fedia: Mwen se Fedia Victor pou non atis la li pa chanje se toujou Fedia, mw se yon enfimyè, enfomatisyèn, Chantez chansonèt, mw fèt kwadèboukè, aktyèlman ozetazini mwen gen anviwon 2 lane depi m’ap viv deyo peyi dayiti. Mwen kòmanse ap chante depi nan laj 13 lane mizik mw yo fèt an fransè, style mizik mw se chansonèt.

TKPNews:  Oke kisa k’ pou se w’ fè  Mizik?

Fedia: Mwen renmen Solitid ki fè mw chwazi fè mizik

TKPNews: Eske w’ Gen albòm ou Mikstep an preparasyon ?

Fedia: Mwen gen yon Demo an preparasyon

TKPNews: Eske w’ gen Manager k’ap edè w’ Reyalize Pwojè sa?

Fedia: Non mwen poko gen Manager

TKPNews: Konbyen atis n’ap jwenn sou Demo a ? Konbyen mizik k’ap fe Demo a?

Fedia: N’ap jwenn yon sel atis sou Demo a ki rele Lovenson Clerveau, se 4 Mizik k’ap fe l’

TKPNews:  Oke Fedia ekip TKPNews lan remèsye w’ paske w te akode nou entevyou sila, mèsi ankò yon lòt fwa

Si w’ ta renmen tande Fedia klike sou ekriti ble sa ⇒ Telechaje  ” La Difference ” de Fedia

Jamesly Pierre TKPNews

 

Check Also

Dekouvri T-Sony yon jèn atis ki sòti Gonayiv

T-Sony ki gen vrè non li Pierre Sony, se yon jèn atis ayisyen k’ap evolye …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *