Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn Ameriken Rekòmanse Vòl Avyon pou Depòte Ayisyen Ilegal

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo Sekretè Sekirite Teritoryal peyi Etazini, Jeh Charles Johnson. Fè kwè ke avyon sèvis imigrasyon ki konn sèvi pou depòte Ayisyen ki gen dosye nan lajistis ak sila yo ki san dokiman legal yo vòl yo deja rekòmanse.

Nòt la di:“Aprè tranblemantè trajik ki te frape peyi Dayiti nan mwa Janvye 2010 la, biwo Imigrasyon ak Ladwàn Lèzetazini (ICE), te sispann voye Ayisyen retounen an n ayiti. Nan lane 2011, nou te rekòmanse voye Ayisyen retounen sou yon baz limite pou moun ki te gen lòd depòtasyon final ak sa yo ki te anba kondanasyon pou yon krim grav. Nan dat 22 septanm nan, mwen te annonse nou pral rekòmanse depòte sitwayen Ayisyen yo daprè priyorite nou yo kote n’ap sèvi ak fòmalite ki deja egziste yo. Sa konsène tou moun ke yo te arete sou fwontyè a pandan yo t’ap eseye antre ilegalman nan peyi a. Akòz pasaj Siklòn Matthew ki te frape Ayiti nan dat 4 oktòb pase a, nou te sispann vòl depòtasyon yo pou yon ti bout tan.”

Pandan semèn ki sot pase yo, Biwo Imigrasyon ak Ladwàn Lèzetazini (ICE) te voye plis pase 200 Ayisyen tounen nan peyi yo e li gen plan voye tounen plis moun toujou pandan operasyon ki pral fèt nan semèn k’ap vini yo. Sitwayen ayisyen ki benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè/ Temporary Protected Status (TPS), yo pa gen rapò ak vòl ki rekòmanse nan direksyon Ayiti yo –Espesyalman, sitwayen ayisyen ki abite an pèmanans nan peyi Etazini depi 12 janvye 2011 e ki gen TPS aktyèlman; yo kapab rete Ozetazini e responsab yo pap ka voye yo retounen an n ayiti. Moun ki gen TPS yo rete kalifye pou jwenn otorizasyon pou yo travay. Responsab yo pwolonje TPS la pou sitwayen ayisyen sa yo pou jouk nan dat 22 jiyè 2017.”

Ekri Pa: Jamesly Pierre TKPNews

Jamesly Pierre . ICE. TPS. Popularite Stars _ Jamesly Pierre

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *