News

Patizan Jovenel Moïse nan vil gonayiv fè Diskou Prezidan Jocelerme Privert a pase nan bri

Nan okazyon fèt 213 lane endepandans peyi d ayiti Nan vil gonayiv, 3 Patizan kandida ala Prezidans Jovenel Moïse, ki sòti zòn Raboto ak yon tablo ki gen Foto Kandida Pati Ayisyen Tèt Kale a (PHTK) t’ap mache kouwonnen plas Dam lan kote seremoni 213 lane endepandans lan te dewoule jounen Dimanch 1e Janvye 2017 la. Patizan yo t’ap chante …

Read More »

Vil Gonayiv nan Lavèy Preparasyon pou Selebre 213èm Anivsè Endepandans Peyi D Ayiti

Nan Gonayiv anpil preparatition ap fèt pou akeyi Chèf Leta Pwovizwa a Jocelerme Privert, nan okazyon anivèsè endepandans Ayiti nan jou ki va premye janvye 2017 la. Aktyèlman gen yon gwoup mizikal k’ap met animasyon ak enstriman avan sou plas Dam lan, Plas Boutèy gen anpil Djazz k’ap jwe aswè a gen posiblite pou Kanpèch live aprè 3 fòmasyon mizikal …

Read More »

RNDDH Kritike pwosesis verifikasyon Pwosè Vèbal yo nan Sant Tabilasyon an

Marie Yolene Gilles reprezantan RNDDH  (Rezo Nasyonal K’ap defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti), di: li pa dakò ak fason teknisyen nan sant tabilasyon an ap kontrole pwosè vèbal yo nan kad kontestasyon eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la. Marie Yolene Gilles ki reprezante RNDDH kòm obsèvatè nan Sant Tabilasyon an (CTV) di li kite Sant lan paske teknisyen yo pa …

Read More »

Premye Minis Peyi Japon an Ap Vizite Pearl Harbor nan Awayi

Foto sa a se yon foto ki montre atak Japonè yo nan Pearl Harbor nan Awayi, 7 desanm 1941. 2,400 manm militè Ameriken te mouri nan atak Japon te fè sou Lèzetazini. Premye Minis japonè a Shinzo Abe, vizite Pearl Harbor ansanm ak Prezidan Obama Jodi madi 27 desanm 2016 la pou yo ” eksprime enpòtans rekonsilyasyon ant Japon ak Etazini,” …

Read More »

Lapolis ann Itali touye Prensipal sispèk nan Atak mache Nwèl Bèlen an

Prensipal pwokirè federal peyi Almay la fè konnen jounen vandredi 23 desanm ki sot pase a anketè yo t’ap chache detèmine si eleman ke yo sispèk ki te lanse atak mòtèl sou yon mache Nwèl nan Bèlen, ann Almay lendi 19 desanm pase a a ki te gen èd yon rezo sipòtè. Sispèk la ki gen 24 lane Anis Amri, tonbe anba …

Read More »

Ejip pa vle Nasyon Zini vote pou Izrayèl sispann konstrui sou tèritwa Palestinyen yo

Selon kotidyen WASHINGTON DC — Ejip mande Nasyon Zini pou l’ ranvwaye “san di pou ki lè” yon vòt ki sou pwogram li jodi a konsènan yon rezolisyon ki vle pou Izrayelyen yo sispann bati koloni sou tèritwa palestinyen an. Konsèy Sekirite l’ONU an konsidere desizyon pou Israel ta sispann konstriksyon sa yo kòm “esansyèl pou sove solisyon 2 eta a”, …

Read More »

Jude Celestin nan sant tabilasyon an pou verifye iIregilarite nan eleksyon Prezidansyèl Novanm 2016 la

Daprè kandida ala prezidans pati LAPEH a Jude Celestin, ta gen plizyè iregilarite nan eleksyon prezidansyèl 20 novanm pase yo. Misye Celestin te di Lavwadlamerik li ta pral prezante nan sant Tabilasyon an, mèkredi 21 desanm 2016 la, pou l’ al konpare pwosè vèbal pa li yo ak pa Konsèy Elektoral Pwovizwa a.  

Read More »