Drapo w'ap gade a se yon drapo Izraelyen tou pre West Bank zòn jwif yo nan Maaleh Adumim, katye Jerizalèm nan peyi Izrayèl. (Foto: 7 septanm 2009)

Ejip pa vle Nasyon Zini vote pou Izrayèl sispann konstrui sou tèritwa Palestinyen yo

Ejip mande Nasyon Zini pou l’ ranvwaye “san di pou ki lè” yon vòt ki sou pwogram li jodi a konsènan yon rezolisyon ki vle pou Izrayelyen yo sispann bati koloni sou tèritwa palestinyen an.

Konsèy Sekirite l’ONU an konsidere desizyon pou Israel ta sispann konstriksyon sa yo kòm “esansyèl pou sove solisyon 2 eta a”, ki ta wè Izraelyen ak Palestinyen ap viv kòt-a-kòt nan lapè.

Rezolisyon an fè konnen tou koloni pèpleman ki la yo pa gen “okenn legalite” e ke se yon “vyolasyon klè” lalwa entènasyonal.

Prezidan eli Donald Trump ak premye-minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu te ekzòte administrasyon Obama a pou l’ poze veto sou rezolisyon l’ ONU an kont konstriksyon koloni pèpleman sou tèritwa palestinyen an.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *