Jean Fanfan Philippe plis moun konnen sou non Pastè Blaze, Fiyanse Jou Madi ki te 20 Desanm 2016 la, nan Lima’s, Dèlma 40 B ak Manadjè li Darlyne Marie Deller (Dalove), Chantez, Estetisyèn.
Atis la konnen se pa yon desizyon fasil, men li oblije fikse l’ paske nan lavi a fòk li avanse.
Seremoni fiyansay sa a te fèt an prezans fanmiy, zanmi, pwòch, atis la ak parèn, Marèn e kèk manm laprès.
Dalove pa sèlman genyen kè Pastè Blaze, li se nouvo Manadjè l’ tou. Malgre difikilte rankontre nan relasyon yo, yo fè tout sa k’ posib pou te jere yo. Ala fen Blaze te anonse byento maryaj aletranje.