Premye Minis Peyi Japon an Ap Vizite Pearl Harbor nan Awayi

Foto sa a se yon foto ki montre atak Japonè yo nan Pearl Harbor nan Awayi, 7 desanm 1941. 2,400 manm militè Ameriken te mouri nan atak Japon te fè sou Lèzetazini.

Premye Minis japonè a Shinzo Abe, vizite Pearl Harbor ansanm ak Prezidan Obama Jodi madi 27 desanm 2016 la pou yo ” eksprime enpòtans rekonsilyasyon ant Japon ak Etazini,” dapre sa Prensipal Sekretè Kabinè Yoshihide Suga te fè konnen.

Mezon Blanch fè konnen vizit sa a pral moutre klè alyans ant 2 lènmi nan epòk lagè.

Misye Abe se pral premye chef gouvènman japonè an fonksyon ki vizite Pearl Harbor depi yon eskal tou kout lè ansyen lidè japonè Shigeru Yoshida, te fè nan dat 12 Septanm 1951.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *