News

Aprè yon frap Ayeryen ki te touye 3 sòlda Tik pa erè Latirki deside kontinye kolabore ak Larisi

Lame peyi Turquie fè konnen yon frap ayeryen ris touye pa erè 3 sòlda tik nan nò peyi Risi. Koz erè a se yon operasyon ki vize gwoup Eta Islamik la Ris yo t’ap mennen Prezidan Ris la, Vladimir Putin, rele tokay li nan Turquie Recep Tayyip Erdogan pou prezante l’ kondoleyans. Tou lè 2 pati yo antann yo pou yo gen …

Read More »

Nasyon Zini ap travay nan moman an pou depa Minista

Sa fè plis ke 12 lane, Nasyon zini gen yon misyon ki rele Minista oubyen (Minustah) an n ayiti pou estabilizasyon. Selon dènye evalyasyon sekiritè, yo twouve li pa nesesè pou Minista rete sou sòl Peyi D ayiti paske plizyè eleksyon fèt nan peyi a pa gen twòp ensidan, yon pasasyon pouvwa egzekitif ki fèt trè kal e yon rediksyon aktivite …

Read More »

Yon Designer ki konn abitye abiye Michelle Obama bay mo pa l’ sou koze Wòb Matine Moïse lan

Azede Jean-Pierre se yon designer ayisyèn, li fèt Pestèl Ayiti, li grandi Atlanta li pa pale kreyòl twò byen paske li pati lontan epi li pa vini ayiti souvan, Azede se yon Designer ki gen notoryete nan peyi Etazini li gen pwòp konpayi li aletranje se yon atis trè konpetant li abitye abiye madan Obama, Lady Gaga, Beyonce tandot gwo …

Read More »

Moïse Jean Charles di li pap Asiste Seremoni Envestiti 58èm Prezidan Eli a Jovenel Moïse

Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Ansyen Senatè Moïse Jean-Charles, lidè platfòm politik Pitit Desalin nan fè konnen, li pa resevwa okenn envitasyon pou seremoni envestiti Prezidan Eli ayisyen an Jovenel Moïse. Ansyen Senatè Depatman Nò a di nan entèvyou a menm si l’ ta jwenn yon envitasyon konsa, li pa t’ap onore l’. Pakse, li pa rekonèt viktwa Jovenel Moïse …

Read More »

Lapolis nan gonayiv arete yon bandi ki te ale pou tiye yon animatè emisyon evanjelik ki denonse Malfektè.

Emisyon sa a ki gen plis pase 2 lane depi l’ap fèt chak 8è nan aswè pou 10è sou yon Radyo nan vil gonayiv prezante pa yon sèvitè ki rele Hernest Elmeus Korespondan TKPNews nan latibonit fè konnen chak swa aprè emisyon Bondye toujou revele sèvitè a youn ou 2 malfektè pou l’ denonse nan pwochen Emisyon. Aprè sèvitè a …

Read More »

Prezidan Eli Ayisyen an, Jovenel Moïse, rejte rapò UCREF ki ta Asossye l' ak aktivite blanchiman lajan

WASHINGTON, DC — Prezidan eli ayisyen an, Jovenel Moise, reyaji sou yon rapò UCREF–Unité Centrale de Renseignements Financiers– ki sispèk kòmkwa li ta mele nan aktivite blanchiman lajan– rejte tout nouvèl ki ta pale de enplikasyon l’ nan aktivite konsa. Pwochen chèf deta a fè konnen li deja pran avoka pou defann repitasyon l’. Pandan Misye Moïse te nan ayopò entènasyonal …

Read More »

Kiba pral kòmanse ekspòtasyon Chabon nan direksyon peyi Etazini

Chabon se pral premye pwodui peyi Kiba pral ekspòte legalman Ozetazini aprè 2 peyi yo te sot pase 50 lane san yo pa t’ janm gen okenn relasyon diplomatik e komèsyal. Nan yon antant istorik jedi 6 janvye 2017, konpayi ekspòtasyon leta kiben CubaExport anonse li pwal vann konpayi ameriken Coabana Trading yon chabon atizanal ki rele Marabou nan pri: …

Read More »