WASHINGTON DC — Nan peyi Larisi gouvènman an ak pèp la obsève yon jounen dèy nasyonal pou onore 92 pasajè ak manm ekipaj ki peri aprè yon avyon militè ris ki t’ap transpòte yo te fè aksidan nan Lanmè Nwa a nan jounen dimanch 25 desanm 2016 la.
Aparèy la se yon avyon mak TU-154 ki te gen 33 zan de sèvis- te kite vil Sochi nan Larisi, pou l’ ale nan yon baz militè ki nan peyi Siri, lè li te kòmanse degrengole sòt nan syèl la epi li tonbe nan lanmè. Tou lè 92 moun ki te abò a peri. Otorite ris yo poko konnen kòz aksidan an, sepandan yo di li pa sanble se rezilta yon atak teworis.
Avyon Tu-154 ki tonbe nan Lanmè Nwa a dimanch 25 desanm 2016 la. Yo te pran foto sa a nan dat 15 janvye 2015, pandan aparèy la t’ap dekole nan ayewopò militè Chkalovsky, tou prè Moskou nan Larisi.