Dekouvri Mendy Will yon jèn atis ayisyen ki sòti Kafou

Mendy Will se yon jèn Prodiktè Mizikal, rapè Ayisyen, k’ap evolye nan Rap Kreyòl an n ayiti, li kòmanse fè rap nan Lane 2007 nan Real – G ki se te premye entegrasyon gwoup Mizikal li men domaj bagay yo pa t’ mache jan l’ te espere swit ak plizyè pwoblèm, Mendy Willl gen yon pwodiksyon ki gen non (GDP Music Group) ki pwodwi plizyè atis e k’ap frape ak yon pakèt lòt atis, li se yon atis ki jwe plizyè kote nan Pòtoprens e li fè mizik ak anpil gran atis Tankou: Tony Mix, Shassy, Dug G, P – Jay.

Nan lane 2015 li te antre nan estidyo pou lapremyè fwa pou anrejistre “ What’s My Name “  aprè yon mwa li sòti remix lan an kolaborasyon Tony Mix , Shassy , Jhon-Bob.

Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li, an n li ansanm konvèsasyon TKPNews ak Mendy Will

@TKPNews: Atis Sakap fèt?

Mendy Will: Bonjou TKP, Bonjou Ayiti, avan tout bagay n’ap salye kouraj ou gen pou fè bèl djòb sa

@TKPNews: Oke atis TKP Remèsye w’ tou pou efò w’ tou, yeah! Mendy ki vrè non ou? pale nou byen kiyès Mendy Will la?

Mendy Will: Mwen se Meant William non atis mwen se Mendy Will mwen se yon Rapè, Prodiktè Mizikal yon pwodiksyon ki gen anpil lot atis divès blòk k’ap frape avèm’.  mwen kòmanse nan mouvman sa yo depi nan lane 2007 alepòk mwen te nan yon gwoup rap ki te rele Real – G, gwoup sa ki pa ekziste ankò chak sòlda fè chemen yo, epi Mendy Will rete ap fwape nan GDP Music Group ki baze Kafou.

@TKPNews: Apre Mizik ki sa ou fè?

Mendy Will: Aprè mizik mwen ap travay pou youn nan pi gwo konpayi ki nan peyi a.

@TKPNews: Konbyen Mizik ou sòti seja?

Mendy Will: Mwen gen plis ke 12 mizik e aktyèlman m’ toujou ap travay

@TKPNews: Eske w gen albòm an preparsyon oubyen Mikstep?

Mendy Will: Mwen t’ap travay yon Mikstep ki apènn fini k’ap sòti trè byento

@TKPNews: Depi kilè w’ pasyone de rap?

Mendy Will: Mwen renmen e ap tande hip hop depi le Master Dji, Mwen te konn tande 2pac avek biggy tou

@TKPNews: Ki jan de mizik ou fè menm?

Mendy Will: Mwen fè tout estil de rap Beef, Love, Social, etsetera.

@TKPNews: oke Mendy Will ekip TKPNews lan remèsye w’ paske w te akòde nou entevyou sila, mèsi ankò yon lòt fwa

Ekri pa : @JameslyPierre7 TKPNews

Check Also

Dekouvri T-Sony yon jèn atis ki sòti Gonayiv

T-Sony ki gen vrè non li Pierre Sony, se yon jèn atis ayisyen k’ap evolye …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *