Dekouvri Marco Flow yon Jèn atis ayisyen ki sòti Senmak

Marco Flow se yon jèn rapè ayisyen k’ap evolye nan Kapital peyi a, Pòtoprens, vrè Non li se Marco Nelcovik Anevil li fèt Senmak nan lane 1999 , li se youn nan atis ki gen mwens laj nan mouvman Rap la, a 18 lane. Bi prensipal ki pouse li antre nan rap se pou l’ fè valè oubyen mete rap nan yon lót nivo.

Marco Flow kòmanse Pasyone de rap depi an 2008 nan chante e ekri amize ak zanmi katye li, an 2013 li antre nan estidyo pou anrejistre e sòti Premye Mizik li ki te titre “Prete Atansyon” .

Atis la tèmine ak etid klasik li, li fenk sot diplome nan Montaj Videyo koulya l’ap prepare pou l’ antre nan Inivèsite.

Nan yon Entèvyou Marco Flow te Akòde ekip TKPNews lan li fè konnen ke li sòti 8 Mizik deja, li poko gen pwojè sòti albòm men li pral kòmanse Travay yon Mikstep, pou l’ te fini li di nou li se yon Atis trè Polivalan, li pa chwazi fè rap, se rap ki chwazi l’, li fè diferan tip de Rap tankou: Hardcore(Rap di), Love, Sosyal ak lòt ankò.

Check Also

Dekouvri Bright-Sun, yon jèn Atis ki sòti Taba 52

Toussaint Max-Ocnald se yon jèn atis ayisyen Rapè, Jounalis, ekriven. Li fèt 28 Septanm nan …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *