Zoe-lo ki gen vrè non li ALTIDOR Jemson se yon jèn rapè, chantè, konpozitè ayisyen ki pran nesans li Ot-Fèy yon seksyon kominal nan Machan Desalin ki nan depatman latibonit, li se pitit 2 Kiltivatè jan li di nou li fè Etid Matènèl li nan vil Gonayiv nan Kolèj (Sainte Famille des Gonaïves) e Etid Segondè li nan Kolèj (L’union) aktyèlman li gen 27 Lane se avan 27 lane sa fè mizik pa yon tèt chaje pou li.
Zoe-Lo kòmanse konpoze rap nan Site Endepans lan lè l’ te gen anviwon 22 – 23 lane, premye antre li nan estidyo se te avèk ansyen gwoup li ki te rele Sakad Rap yon gwoup ki pa janm konnen siksè e sa pa t’ enkyete atis la li toujou ap goumen pou sa l’ kwè, nan moman an li an solo piske l’ pap evolye menm kote ak lòt atis gwoup la.
Nan yon Entèvyou li te akòde ekip Ti Kwen Pam lan li te pale nou de aktivite atistik li, li fè konnen ke l’ap travay yon Mikstep k’ap sòti Mwa Desanm 2017, an n li konvèsasyon ant Ekip TKP a e ZOE-LO
@TiKwenPam: Atis sakap fèt jodi a se yon jou espesyal pou n’ rejwenn ou?
ZOE-LO: Anfòm patizan mwen kontan dèske nou rejwenn mw jodi a.
@TiKwenPam: Oke fè yon ti pale nou de ou?
ZOE-LO: Mwen se yon jèn gason ke anpil moun konnen sou non sa ki se Jemson Altidor mwen gen 27 lane mwen se pitit de kiltivatè ki ne a machan desalin nan seksyon kominal ki rele Ot-fèy ki fè etid matènèl li nan Kolèj La sainte famille des Gonaïves, etid segondè “College Union” e “Jules solime milscent” toujou nan Gonayiv mwen kòmanse nan mouvman rap la depi lè m’ t’ap fè 9èm ane mwen sòti premye mizik mwen avèk sakad rap nan moman sa yo ki pa t’ fè ekla sa pa t’ anpeche m’ kontinye nan mouvan Rap la paske m’ gen yon kote m’ vle rive pou moman kounya mwen an solo paske a nèg ke m’ t’ ap frape yo ayiti se pou rezon sa mwen solo m’ panse se tout sa m’ te ka di de Mwen
@TiKwenPam: Konbyen mizik solo ou gen deja?
ZOE-LO: Mwen sòti 2 Mizik Solo deja
@TiKwenPam: Èske w gen pwojè soti albòm oubyen Mixtape?
ZOE-LO: Wi mwen panse sòti yon Mikstep Mwa Desanm 2017
@TiKwenPam: Kijan de rap ou fè ?
ZOE-LO: Mwen fè rap sosyal mwen ekri mizik an karaktè Sosyo-Politik e konsa mw fè mizik lanmou tou
@TiKwenPam: Ki mizik w’ap travay nan moman an?
ZOE-LO: M’ap travay yon mizik la titre (Linyon) m’ap gentan ba w’ dat l’ap sòti, epi m’ap panse pou videyo (Goumen Pou Yon Ayiti Nouvèl) la
@TiKwenPam: An ok nou remèsye w’ piske w’ te akòde nou entèvyou sa a, si w’ t’ap di yon dènye mo kisa l’ t’ap ye ?
ZOE-LO: M’ pap bouke remèsye tout ekip Ti kwen Pam lan k’ap fè yon bon travay nan mouvman an ki te fè chwa de mwen pou pase nan Ribrik konnen aktivite atis yo, m’ ap pwofite fè piblik la konnen mo remèsiman m’ pa lòt ke ankandre tout jèn ki vle avanse nan kèlkeswa domèn li ye a, Mèsi !.