Dekouvri T-Sony yon jèn atis ki sòti Gonayiv

T-Sony ki gen vrè non li Pierre Sony, se yon jèn atis ayisyen k’ap evolye nan vil gonayiv, li se manb Fondatè gwoup Back Up Terror ki se yon gwoup Rap Kreyòl ki konstitye de plizyè lòt jèn Rapè Gonayivyen
T-Sony se dènye pitit manman l’, li se yon mesye Marye aktyèlman separe, li Poko gen timoun.

Aparisyon T-Sony nan mouvman rap la se nan lane 2004 aprè koudeta Prezidan Aristid pou jounnen jodi a li poko janm bay vag, selon sa li di nou, ta sanble li pap janm rete san fè rap jiska lamò paske li deja gen mwayen pou l’ rive jwenn siksè.

Nan yon entèvyou li Akòde ekip TKPNews lan, T-Sony ba nou plis detay sou Premye Mikstep Gwoup li a ki gen pou sòti byento, an n gade kòman sa te ye.

@TKPNews: Atis Sa k’ap fèt?
T-Sony: anfòm frè pa m’, avan tout bagay m’ap salye tout ekip Ti Kwen Pam lan k’ap fè yon travay serye nan Mizik ayisyèn nan.
@TKPNews: Oke Atis nou salye w’ tou, bon! Depi sou stil ou nou deja wè ou se yon rapè, èske w’ ka pale nou de ou ?
T-Sony: Mwen se Sony Pierre manb fondatè Gwoup Back Up Terror youn nan pisan gwoup rap kreyòl ki gen nan latibonit, Non atis mwen se T-Sony yon jèn rapè 26 lane ki gen rap kòm misyon depi nan laj 12 lane, lè m’ te pran rap pi serye se te an 2004 epi tou se lè sa mwen te kòmanse fè tande vwa m’ sou CD e atravè entènèt, mwen abite nan vil gonayiv, mwen te marye men m’ separe, mwen poko gen timoun.
@TKPNews: Konbyen Mizik ou sòti deja T-Sony?
T-Sony: Pou n’ te kòmanse se te nan tèt ansanm paske n’ kwè nan travay kolektif la anpil, se konsa nou reyalize
1-Ale Lekòl
2-Tou Fèm
3-Òfelen
4-Chwa Pèp la

Mizik sa yo se Mizik Gwoup la (Back Up Terror)
@TKPNews: Èske gwoup la ap travay Albòm?
T-Sony: Nou gen yon Mikstep an preparasyon.
@TKPNews: Konbyen gran atis n’ap gen chans tande sou Mikstep la?
T-Sony: N’ap travay mikstep la nan Tapajè Records N’ap gen Fantom, Dutty, Tipay,Misty Jean.
@TKPNews: Eske w’ gen Manager?
T-Sony: Non nou pa genyen men nou jwenn sipò moun ki renmen sa n’ap fè a
@TKPNews: kilè w’ konte sòti yon mizik solo?
T-Sony: M’ap travay sou premye Mizik solo mwen ki pote “Real Bad Man” kòm tit, ki pa lwen sòti.
@TKPNews: Mèsi T-Sony paske w’ te Akòde nou entèvyou sa a, tout zye falowèz Ti Kwen Pam yo pral Fikse sou ou ba yo yon dènye mo.
T-Sony: Yon gran respè pou yo N’ap di yo toujou kanpe ak mouvman an paske gen lòt gran dekouvèt k’ap fèt…..jis nan tanbo rap kreyòl la 100%, Tann Nouvo hit lari a ki se “Real Bad Man” Tèt frèt.

Check Also

Dekouvri Bright-Sun, yon jèn Atis ki sòti Taba 52

Toussaint Max-Ocnald se yon jèn atis ayisyen Rapè, Jounalis, ekriven. Li fèt 28 Septanm nan …

2 comments

  1. Byen pale atis pam map tann mikstep la enpasyaman “Real badman”

  2. Sovens Monfort Pierre

    Chess yo gonaives avek Nou rap kap fé

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *