Fedia se yon jèn atis Ayisyèn, enfimyè, enfòmatisyèn, chantez nan tandans chansonèt. li fèt kwadèboukè 12 Dec 1992. li kòmanse chante depi nan laj 13 lane pasyone e entèprete mizik chansonèt.
li gen 2 mizik tou 2 chante an fransè, Premye antre l’ nan estidyo Se pat mizik li se te yon kolaborasyon .
Dezyèm antre nan estidyo li pou l’ anrejistre premye mizik solo li se te an 2012 titre ” Monde Mélangé ” se konsa li pa janm sispann travay pou l’ te reyalize an 2016 ” La Difference ” ki se yon bèl mizik sosyal ki gen anpil leson moral ladanl.
Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li, an n li ansanm konvèsasyon TKPNews ak Fedia
TKPNews: Bonjou Atis la Sakap fèt?
Fedia: Bonjou, Bonjou TKPNews Mw vrèman santi m’ kontan pou bèl travay sa ke n’ap fè a ki se dekouvri talan kache, nou menm antake atis ayisyèn nou te manke sa anpil, anpil
TKPNews: Oke atis la TKP Remèsye w’ tou pou efò w’ ak respè a, Fedia ki vrè non ou? pale nou byen kiyès ki Fedia a
Fedia: Mwen se Fedia Victor pou non atis la li pa chanje se toujou Fedia, mw se yon enfimyè, enfomatisyèn, Chantez chansonèt, mw fèt kwadèboukè, aktyèlman ozetazini mwen gen anviwon 2 lane depi m’ap viv deyo peyi dayiti. Mwen kòmanse ap chante depi nan laj 13 lane mizik mw yo fèt an fransè, style mizik mw se chansonèt.
TKPNews: Oke kisa k’ pou se w’ fè Mizik?
Fedia: Mwen renmen Solitid ki fè mw chwazi fè mizik
TKPNews: Eske w’ Gen albòm ou Mikstep an preparasyon ?
Fedia: Mwen gen yon Demo an preparasyon
TKPNews: Eske w’ gen Manager k’ap edè w’ Reyalize Pwojè sa?
Fedia: Non mwen poko gen Manager
TKPNews: Konbyen atis n’ap jwenn sou Demo a ? Konbyen mizik k’ap fe Demo a?
Fedia: N’ap jwenn yon sel atis sou Demo a ki rele Lovenson Clerveau, se 4 Mizik k’ap fe l’
TKPNews: Oke Fedia ekip TKPNews lan remèsye w’ paske w te akode nou entevyou sila, mèsi ankò yon lòt fwa
Si w’ ta renmen tande Fedia klike sou ekriti ble sa ⇒ Telechaje ” La Difference ” de Fedia
Jamesly Pierre TKPNews