Manifestasyon nan plizyè Ayopò atravè Peyi Etazini kont Dekrè Prezidan Donald Trump pran ki anpeche sitwayen 7 Peyi ki gen anpil Mizilman antre Ozetazini

Ameriken nan New York,Newark, New Jersey ,Fairfax, Vijini Nan kèk lòt eta tankou Denvè, Chikago, Dallas, Seattle, Portland, Oregon, Los Angeles, San Francisco ak San Diego. leve manifeste kont desizyon Prezidan Donald Trump lan pou anpeche moun k’ap sòti an n Irak, Iran, Libi, Somali, Sudan, Siri and Yemen antre Ozetazini.

Direktè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly deklare nan dimanch 29 janvye 2017 la li kwè pèmèt moun ki gen kat rezidans yo antre Ozetazini se yon bagay ki nan enterè peyi a. Misye Kelly ajoute dekrè sou imigrasyon PrezidanTrump lan ale nan menm sans lan.

Deklarasyon Mesye Kelly a vin retire dout ki te genyen sou dekrè Prezidan Trump pran pou anpeche refijye ak imigran nan 7 peyi mizilman antre Ozerazini. Dekrè sa a valab pou 90 jou nan objektif pou anpeche gwoup teworis antre Ozetazini.

Prezidan Ameriken an Donald Trump defann plan imigrasyon l’ lan kote l’ di “se pa yon kesyon de relijyon, men se pito “anpeche teworis antre Ozetazini epi kenbe peyi a an sekirite.”

Prezidan Trump deklare, “Etazini se yon nasyon ki gen fyète e nou kontan akeyi imigran. Nou pral kontinye montre nou gen bon kè pou moun y’ap pèsekite nan lòt peyi. Men n’ap fè sa pandan n’ap asire sekirize fwontyè nou yo ak pwoteje sitwayen peyi a.”

 

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *