Monthly Archives: May 2017

13 Moun Mouri nan yon lèse-frape ant Pakistan e Afganistan sou Fwontyè 2 Peyi yo

Lèse-frape sou fwontyè ant Pakistan ak Afganistan pran lavi 13 moun pou pi piti e plis pase 80 lòt blese vandredi 5 me 2017 la nan yon zòn ki an diskisyon, daprè otorite yo. Yon pòtpawòl lame Pakistan an fè konnen batay la te pete aprè fòs Afganistan yo te tire sou yon ekip gouvènman an k’ap fè resansman tou …

Read More »

Yon Dekrè Prezidansyèl pèmèt Legliz mele nan Politik Ozetazini

WASHINGTON DC — Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè ki vin adousi aplikasyon yon règleman ki te anpeche legliz yo ki pa peye taks nan peyi a– mele nan zafè politik. Lidè ameriken an siyen dekrè a nan jounen jedi 4 me 2017 la nan okazyon Jounen Nasyonal Lapriyè a. Dokiman an bay biwo federal ki la pou ranmase …

Read More »

Rezilta Otopsi lanmò Ansyen Chèf Deta, René Préval, ap sòti byento

Direkte Enstiti Mediko-legal responsab pratik Otopsi, Armel Demorcy, retounen sou Sijè lanmò sibit ansyen Prezidan René Préval. Direktè a anonse ke Rezilta Otopsi yo kapab disponib Avan fen Mwa sa a, yon premye egzamen kò a te reyalize jou Madi 7 Mas la avan antèman an, pa yon demand Madanm dèfen an, otorize pa ansyen Komisè Gouvènman an, Jean Danton Leger. …

Read More »

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon prezidansyèl Etazini an nan mwa novanm ane 2016 pase. Mesye Putin di yon akizasyon konsa se “senpman rimè” k’ap sikile pou rezon politik nan peyi Etazini. Lidè peyi kominis la fè deklarasyon sa a madi 2 me 2017 la pandan yon konferans pou laprès ansanm …

Read More »

End sèmante pou l’ tire revanj poutèt Sòlda lame Pakistan ta touye 2 Sòlda li sou fwontyè a

Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo. Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo t’ap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna …

Read More »