Direkte Enstiti Mediko-legal responsab pratik Otopsi, Armel Demorcy, retounen sou Sijè lanmò sibit ansyen Prezidan René Préval.
Direktè a anonse ke Rezilta Otopsi yo kapab disponib Avan fen Mwa sa a, yon premye egzamen kò a te reyalize jou Madi 7 Mas la avan antèman an, pa yon demand Madanm dèfen an, otorize pa ansyen Komisè Gouvènman an, Jean Danton Leger. se te Armel Demorcy, kòm Medsen Lejis angaje pou enspekte diferan pati kadav la
N’ap raple w’ ke ansyen Prezidan, René Préval, mouri 3 Mas ki sot pase a