President Donald Trump announces the approval of a permit Friday to build the Keystone XL pipeline, clearing the way for the $8 billion project, in the Oval Office of the White House, Friday, March 24, 2017, in Washington. (AP Photo/Evan Vucci)

Prezidan Donald Trump bay pèmisyon pou fè yon tiyo pou transpòte petwòl sòti kanada pou ale Ozetazini

Administrasyon Prezidan Donald Trump la bay yon pèmi federal pou pwojè manman tiyo petwòl Keystone XL k’ap sòti nan vil Alberta nan Kanada pou rive nan Nebraska, Ozetazini. Pwojè sa a se yon pwojè ansyen Prezidan Barack Obama te rejte demann li, sa gen anviwon 2 lane.

Vandredi 24 Mas 2017 la, Depatman Deta Ameriken anonse li akòde yon pèmi pou TransCanada bati tiyo gaz la. Nouvèl administrasyon amerikèn nan kwè pwojè konstriksyon tiyo gaz sa a nan enterè nasyon an.

Nan menm jounen an, Prezidan Donald Trump deklare tiyo sa a ap gen mwens danje pase lòt metòd pou transpòte petwòl yo. Li ajoute pou l’ di konstriksyon sa a te dwe fèt lontan deja.

Manman tiyo a ap travèse yon distans 1700 mil e l’ap transpòte anviwon 830.000 barik petwòl pa jou .

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *