Palmantè Demokrat yo envite kèk Imigran pou Vin Asiste Diskou Prezidan Trump gen pou l' pwononse devan 2 chanm kongrè a

Ase souvan, tout manm kongrè a konn gen biyè envitasyon pou pèmèt moun vin tande diskou prezidan ameriken an, jan sa pral fèt 28 fevriye 2017 la. Sepandan, se souvan yon fanmi , yon zanmi, oubyen yon moun nan sikonskripsyon palmantè yo ki konn jwenn mòd envitasyon sa yo.

Fwa sa a, objektif kan Demokrat la se voye yon mesaj bay Prezidan Trump pou montre l’ enpòtans imigran, kote yo envite yon doktè irakyen-ameriken, ki te dekouvri gwo kantite plon nan san yon pakèt timoun k’ap viv nan vil Flent nan eta Michigann.

Depite Demokrat yo envite tou yon doktè ki fèt nan Pakistan k’ap bay malad bon jan swen nan Wodaylann. Yon ameriken ki se pitit fi yon refije Palestinyen k’ap ede fanmi fè demand pou antre Ozetazini twouve l’ pami gwoup envite ki pral swiv diskou Prezidan Trump gen pou l’ pwononse nan Kongrè a.

 

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter