Menas yon Tranbleman-de-tè Mòtèl Sou Rejyon gran nò Peyi Dayiti

Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit, mande gouvènman ayisyen an adopte e egzekite prese prese yon plan enprevi pou rejyon Gran Nò a k’ap fè fas ak yon menas tranblemanntè mòtèl daprè dènye etid fim jeni ak konstriksyon entènasyonal Miyamoto.

Mesye Prépetit fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay  Lavwadlamerik li fè konnen ke Etid sa a prevwa ke 4 vil ki fòme rejyon Nò peyi a, Kap Ayisyen, Pòdpè, Fò-Libète, ak Wanament kapab anrejistre 75,000 mò pou pi piti ak 200,000 blese si yon tranblemanntè ta frape l’.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *