Deklarasyon Senatè Jean Marie Salomon sou chwa Minis Prezidan Peyi a, di konsa : Sa gen plizyè jou depi te gen negosyasyon, konsiltasyon ki t’ap fèt ant Prezidan Jovenel Moise ak yon gwoup Depite, te gen yon gwoup majoritè ki te rankontre Prezidan an tou sa gen 72 è, epi te gen yon chita pale ki te gen pou fèt ant Prezidan repiblik la ak Prezidan Sena a, kounye a kesyon n’ap poze èske chwa sa a sòti nan konsiltasyon sa yo? Daprè enfòmasyon ki vin jwenn mwen. “deziye Dr. Lafontant kòm minis se yon gran sipriz” paske non sa a pa t’ janm evoke, sa vle di li pa t’ janm site pami moun ki te gen chans pou vin Chèf Gouvènman an, Mwen kapab di nan langaj politik Mesye Lafontant se yon nilis enkoni.
Kòm chwa a deja fèt Premye Minis deziye a, Dr. Jack Guy Lafontant ap gen pou l’ ranpli fòmalite vizaj, otan de pyès l’ap gen bezwen pou Prezante nan Sena a ak Chanm Depite yo, epi pou n’ avanse aprè pou gen deklarasyon Politik jeneral, ak lòt ankò. pwovèb kreyòl la di : Mennen koulèv Lekòl se youn, men fèl chita se 2, paske kesyon sa nou poze a, nou poko jwenn repons li.