Kolonbi-Politik : Pwochen repriz negosyasyon yo ant gouvènman an ak Gwoup Guerilla ELN

Nouvèl ki sòti nan peyi Kolonbi fè konnen gouvènman an pral reprann negosyasyon ki te bloke ant otorite yo ak manm yon lòt mouvman guerilla nan dat 8 fevriye 2017 la aprè gwoup la te aksepte libere yon militan politik li te pran an n otaj. Se 2èm pi gwo gwoup rebèl nan peyi a e non li se ELN (Ejercisio de Liberaciòn Nacional -oubyen Lame Liberasyon Nasyonal). Sa gen plis pase yon lane depi gouvènman an te anonse repriz negosyasyon sa yo; men repriz la t’ap trennen, paske ELN te derefize libere politisyen an kesyon an.

Nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, pandan prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, t’ap patisipe nan Fowòm Ekonomik Mondyal la nan vil Davos, nan peyi Lasuis, li fè konnen gwoup guerilla a dakò kounye a pou l’ libere otaj la.

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *