WASHINGTON, DC — Prezidan eli ayisyen an, Jovenel Moise, reyaji sou yon rapò UCREF–Unité Centrale de Renseignements Financiers– ki sispèk kòmkwa li ta mele nan aktivite blanchiman lajan– rejte tout nouvèl ki ta pale de enplikasyon l’ nan aktivite konsa.
Pwochen chèf deta a fè konnen li deja pran avoka pou defann repitasyon l’. Pandan Misye Moïse te nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens aprè yon vizit nan Santo Domingo, an Repiblik Dominikèn, li bay laprès detay sou pozisyon li konsènan dosye a.
N’ap raple direktè jeneral UCREF la, Sonel Jean Francois, te prezante bay laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a ki ta gen rapò ak aktivite finansye UCREF ekspoze yo.