Mark ed ki gen vrè non li Marc eddy louis, se yon atis RnB, gospèl, hip-hop k’ap evolye nan enfistri mizik ayisyen an, Li fèt jou ki te 24 desanm 1989 potòprens. Depi tou piti li gen lanmou pou mizik sitou RnB. Premye eksperyans li se te chante nan legliz nan koral Gospèl, aprè sa li bay tout li menm pou zafè mizik.
Nan lane 2012 li al etidye maketing ak administrasyon. Aprè etid sa yo nan menm ane a li deside antre nan estidyo pou anrejistre premye mizik li batize “Yo se avni” se te yon test pressing. nan lane 2013 li mete deyò yon dezyèm Track titre ” Pou ti tè sa” an kolaborasyon ak yon pwodiktè zanmi l’, an 2014 toujou nan lit pou l’ vin yon gran star, pa dòmi pèdi tan pou pote yon twazyèm mizik ki t’ap pote tit ” WhatsApp Mwen” ak anpil lòt mizik .
Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li
Mark Ed Se yon atis ki pozitif nan tout sa l’ap fè, li la pou reponn tout moun ki kontakte l’ nou ka swiv li sou rezo sosyal yo sou adrès sa yo @itzmarked sou instagram, twitter ak facebook.
Ekri pa: @JameslyPierre7 TKPNews