Lèse-frape sou fwontyè ant Pakistan ak Afganistan pran lavi 13 moun pou pi piti e plis pase 80 lòt blese vandredi 5 me 2017 la nan yon zòn ki an diskisyon, daprè otorite yo. Yon pòtpawòl lame Pakistan an fè konnen batay la te pete aprè fòs Afganistan yo te tire sou yon ekip gouvènman an k’ap fè resansman tou …
Read More »Tag Archives: Ti Kwen Pam
Aprann konnen kisa malozye ye.
Prevansyon Se Lavi Maladi ki rele Malozye a, nou an n Ayiti souvan rele l’ Pich Pich ak azoumounou, se yon enfeksyon ak yon mikwòb ki antre nan zye yo. Lòt fason nou ka rele Maladi a ankò, se Konjonktivit, ki vle di enflamasyon yon ti vwal yo rele Konjonktiv ki pwoteje chak grenn zye yo Li se yon maladi …
Read More »Rezilta Otopsi lanmò Ansyen Chèf Deta, René Préval, ap sòti byento
Direkte Enstiti Mediko-legal responsab pratik Otopsi, Armel Demorcy, retounen sou Sijè lanmò sibit ansyen Prezidan René Préval. Direktè a anonse ke Rezilta Otopsi yo kapab disponib Avan fen Mwa sa a, yon premye egzamen kò a te reyalize jou Madi 7 Mas la avan antèman an, pa yon demand Madanm dèfen an, otorize pa ansyen Komisè Gouvènman an, Jean Danton Leger. …
Read More »Ta sanble Fantom bay manti sou koze 50 000 dola pou featuring ak Team Lòbèy la
Semèn pase nan yon entèvyou Fantom BC te fè konnen ke Mesye Team Lobèy yo te ofri l’ 50,000 Dola pou l’ te featuring ak yo, li pa t’ pran l’. Sou menm dosye sa a, Jounen Lendi Premye Me a GIO-K youn nan manb Gwoup la reyaji pou demanti Fantom ki ta fè kwè ekip li a ofri l’ …
Read More »End sèmante pou l’ tire revanj poutèt Sòlda lame Pakistan ta touye 2 Sòlda li sou fwontyè a
Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo. Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo t’ap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna …
Read More »Ayiti-Sendomeng: Yon sware gala nan Kominote Ayisyèn nan Santo-Domingo pou make jounen Nasyonal Dyaspora a
Jedi 20 avril 2017 la se te jounen Nasyonal Selebrasyon Ayisyen k’ap viv nan Dyaspora a. Nan okazyon an, responsab òganizasyon ki pote non Fondasyon Zile, Edwin Paraison Ansanm ak reprezantan ofisyèl nan gouvènman ayisyen an òganize yon sware gala nan Santo Domingo, Repiblik Dominkèn pou remèt pri bay plizyè moun ki konn pote kontribisyon yo bay kominote ayisyèn nan. Daprè Mesye …
Read More »Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, fè konnen Etazini kapab itilize obsyon Militè pou kontrekare menas Nikleyè Kore-dinò a
Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, lanse yon avètisman miskle bay Kore-dinò lendi 17 avril 2017 la kote li di Prezidan Donald Trump gen entansyon itilize fòs militè sizoka sa ta nesesè pou kontrekare menas nikleyè gouvènman Kim Jong Un nan ki kontinye ap ogmante. Mesye Pence mansyone atak ayeryen sou Siri ak sou Afganistan kòm egzanp pou kore avètisman Lèzetazini …
Read More »B.J.M Baz Jovenel Moïse, nan zòn Metwopolitèn nan ap revandike patisipasyon yo nan gouvènman an
Militan Pati Ayisyen Tèt Kale yo nan Pòtoprens anonse yon Manifestation pou jedi 20 avril 2017 k’ap vini an pou denonse gouvènman Jack Guy Lafontant an, daprè yo, ki pa antre reprezantan yo nan jesyon leta a. Lesly Charles, kowòdonatè Nasyonal Baz Jovenel Moïse te pale ak laprès.
Read More »Chèf leta Ayisyen an fè konnen gen posibilite pou konbat lamizè an n Ayiti
Pandan yon vizit nan Sosyete Nasyonal Pak Endistri (Sonapi) Chèf leta ayisyen an, Jovenel Moïse, renouvle angajman l’ pou akonpanye envestisè ayisyen yo ak sila etranje yo ki patisipe nan kreyasyon richès pou konbat lamizè. Pou Jovenel Moïse Vizit sa a se yon «Sinyal klè» li Voye bay tout envestisè ayisyen ak etranje yo, yon fason pou l’ montre bòn …
Read More »Avoka nan vil gonayiv mande demisyon Komisè Gouvènman aktyèl la
Jounen Madi 04 avril la nan Pakè site Endepandans lan, Gonayiv, gwo diskisyon fèt ant avoka yo sou Komisè Gouvènman an Plizyè avoka pami yo mande demisyon Komisè Gouvènman aktyèl la, nan lide Komisè a pa ka fè Jiridiksyon an mache byen, li pa moun gonayiv, li pa byen konnen vil la anplis yo pa ka jwenn li lè yo …
Read More »