Jedi 20 avril 2017 la se te jounen Nasyonal Selebrasyon Ayisyen k’ap viv nan Dyaspora a. Nan okazyon an, responsab òganizasyon ki pote non Fondasyon Zile, Edwin Paraison Ansanm ak reprezantan ofisyèl nan gouvènman ayisyen an òganize yon sware gala nan Santo Domingo, Repiblik Dominkèn pou remèt pri bay plizyè moun ki konn pote kontribisyon yo bay kominote ayisyèn nan.
Daprè Mesye Paraison objektif selebrasyon sa a se pou chanje imaj dominiken yo genyen de ayisyen.