Militan Pati Ayisyen Tèt Kale yo nan Pòtoprens anonse yon Manifestation pou jedi 20 avril 2017 k’ap vini an pou denonse gouvènman Jack Guy Lafontant an, daprè yo, ki pa antre reprezantan yo nan jesyon leta a. Lesly Charles, kowòdonatè Nasyonal Baz Jovenel Moïse te pale ak laprès.
