Tag Archives: @JameslyPierre7

Palmantè Demokrat yo envite kèk Imigran pou Vin Asiste Diskou Prezidan Trump gen pou l' pwononse devan 2 chanm kongrè a

Ase souvan, tout manm kongrè a konn gen biyè envitasyon pou pèmèt moun vin tande diskou prezidan ameriken an, jan sa pral fèt 28 fevriye 2017 la. Sepandan, se souvan yon fanmi , yon zanmi, oubyen yon moun nan sikonskripsyon palmantè yo ki konn jwenn mòd envitasyon sa yo. Fwa sa a, objektif kan Demokrat la se voye yon mesaj …

Read More »

Menas yon Tranbleman-de-tè Mòtèl Sou Rejyon gran nò Peyi Dayiti

Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit, mande gouvènman ayisyen an adopte e egzekite prese prese yon plan enprevi pou rejyon Gran Nò a k’ap fè fas ak yon menas tranblemanntè mòtèl daprè dènye etid fim jeni ak konstriksyon entènasyonal Miyamoto. Mesye Prépetit fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay  Lavwadlamerik li fè konnen ke Etid sa a prevwa …

Read More »

Anbasadè peyi Larisi nan Nasyonzini, Vitaly Churkin, Mouri Mò Sibit nan New York

NEW YORK —Mesye Churkin te Anbasadè Larisi nan Nasyonzini depi 2006, mouri nan laj 64 lane “mò sibit” nan New York lendi 20 fevriye 2017 la, yon jou anvan li fete 65èm anivèsè li. Ministè a ki kalifye mesye Churkin se “yon gwo diplomat Ris”  Voye kondoleyans pi pwofon bay fanmi ak zanmi Mesye Churkin. Veteran diplomat la te tanmen karyè …

Read More »

Prezidan Meksiken Enrique Peña Nieto, anile yon rankont ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump

WASHINGTON, DC — Prezidan peyi Meksik la, Enrique Peña Nieto, deside anile yon rankont li ta pral fè ak Prezidan ameriken an, Donald Trump. Desizyon sa a vin ranfòse tansyon k’ap ogmante ant gouvènman 2 peyi yo poutèt Misye Trump egzije Meksik peye pou konstriksyon yon miray li vle bati sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik. AP (ajans nouvèl Associated Press) …

Read More »