Tag Archives: @JameslyPierre7

Kore Disid refize peye pou yon sistèm defans Anti-Misil Lèzetazini ap Enstale nan Sewoul

Gouvènman Kore Disid la prese rejte yon apèl Prezidan Donald Trump lanse pou l’ mande Sewoul peye yon milya dola pou yon sistèm defans anti-misil Lèzetazini ap enstale sou teritwa Sid koreyen an (non sistèm nan se Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid, abreje anglè “THAAD”). Ministè defans sid koreyen an pibliye yon kominike nan jounen vandredi 28 avril …

Read More »

Venezyela anonse l’ap kite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)

WASHINGTON, DC — Venezuela anonse jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) aprè òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l’ lanse pwosesis retrè a …

Read More »

Chèf leta Ayisyen an fè konnen gen posibilite pou konbat lamizè an n Ayiti

Pandan yon vizit nan Sosyete Nasyonal Pak Endistri (Sonapi) Chèf leta ayisyen an, Jovenel Moïse, renouvle angajman l’ pou akonpanye envestisè ayisyen yo ak sila etranje yo ki patisipe nan kreyasyon richès pou konbat lamizè. Pou Jovenel Moïse Vizit sa a se yon «Sinyal klè» li Voye bay tout envestisè ayisyen ak etranje yo, yon fason pou l’ montre bòn …

Read More »

Lèzetazini Mande pou tout konsila li yo mennen bon jan ankèt sou moun ki vin mande Viza

Rex Tillerson ki se Sekretè Deta a, voye yon mesaj bay tout anbasad ameriken nan mond lan kote li mande yo pou fè reyinyon ak tout staff yo pou diskite sou lis nouvo mezi yo dwe konsidere avan pou bay kèk moun viza. Lòd sa a egzije biwo Etazini nan peyi etranje pou yo konsilte an pwofondè kont medya sosyal …

Read More »