Lapolis nan gonayiv arete yon bandi ki te ale pou tiye yon animatè emisyon evanjelik ki denonse Malfektè.

Emisyon sa a ki gen plis pase 2 lane depi l’ap fèt chak 8è nan aswè pou 10è sou yon Radyo nan vil gonayiv prezante pa yon sèvitè ki rele Hernest Elmeus

Korespondan TKPNews nan latibonit fè konnen chak swa aprè emisyon Bondye toujou revele sèvitè a youn ou 2 malfektè pou l’ denonse nan pwochen Emisyon.

Aprè sèvitè a te fin denonse plizyè lougawou, pami yo genyen ki mouri, genyen ki kite vil la, pami yo gen Manbo dyab kite yo sa vle di yo pa ka travay ankò

Vandredi 27 Janvye li te kòmanse denonse Pastè ki konn al kay bòkò, ki masonlòj, sa k’ap kouche fidèl yo, Lendi swa 2 bandi a zam ale pou tiye animatè a depi avan emisyon an, yo wè Animatè a yo pa t’ ka fè sa yo vin fè a, sèvitè a mande kiyès yo bezwen? youn nan yo te di yo vle patisipe nan emisyon an, pat gen akò. Nan pita pandan emisyon an ap fèt sèvitè a denonse yon pastè ki te kouche yon fidèl ki te fèk konvèti pou pwoblèm lavi ak yon kouzin li, aprè li te kouche fidèl la li t’ al koze ak lòt kouzin nan.

Yèswa sèvitè a te di: yè te gen yon reyinyon ki fèt pou yo tiye l’ se Pastè ak politisyen ki te fè reyinyon an, Jounen jedi 2 Fevriye a 2 bandi te ale pou yo ekzekite yon zak Malonèt sou sèvitè a nan lokal radyo a, Mal chans pou yo te gen yon Jèn gason vanyan ki se fanatik emisyon an ki pa t’ ba yo chans ki met presyon kenbe youn nan bandi yo aktyèlman li nan men lapolis lòt la sove.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *