Dekouvri Dan Ruff yon jèn atis ayisyen ki sòti Kafou fèy

 

Dan ruff se yon rapè, jounalis ayisyen k’ap goumen pou mouvman rap kreyòl la, li, fèt nan lane 1987 kafou fèy
Manmanl’ ak papa l’ ba li non elysee jean enock depi jou nesans li, pou sa li veki ak style li, li bay tèt li Dan Ruff kòm non atis li

li kòmanse konpoze mizik depi nan laj 13-14 lane Men antre ofisyèl li nan mizik se te an 2007 ak yon Mizik solo titre “Dan ruff”
avan sa li te gentan nan yon kolabo ak NGS, LB squad track sa te titre “Welcome to pòtoprens city” nan lane 2016 li te sòti premye mikstep Batize ” Efò M’ yo ”
ki gen 14 Mizik sou li ak 2 lòt mizik solo ki pa sou mikstep la fè 16, pou tout mizik vwa li sou yo li pa ka konte

Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li, an n li ansanm konvèsasyon TKPNews Dan Ruff

@TKPNews: Atis pa m sakap fèt? m’ se JAMESLY PIERRE jounalis TIKWENPAM NEWS. kòman w’ap bouje ak aktivite mizik yo baz? Nou konnen ou se yon atis ayisyen men gen kèk detay nou pa konnen de ou an palan de karyè mizikal ou èske sa ap yon pwoblèm pou n’ ta fè yon ti pale

Dan Ruff: Anfòm bigman se avèk plezi wi n’ap ka pale, anpil respè pou bèl ekip sa k’ap travay anpil. Ti Kwen Pam se youn nan Rezo ki pote touch li jan li kapab pou vann mizik ayisyen an e bay plis moun chans tande l’
mw vrèman kontan dèske nou rejwenn mwen nou ka poze m’ kesyon nou vle mw prè pou m’ reponn nou

@TKPNews: Ki jan de mizik ou fè menm?

Dan Ruff: Mw fè hip hop e pezape m’ap travay reggae

@TKPNews: aprè Mixtape la sou kisa w’ap travay la? èske w’ gen esponsò ak Manager ?

Dan Ruff: Aprè mixtape la m’ap travay sou kèk videyo ladann mw pa gen esponsò ni manager men gen pwodiktè  King recordz la ki pa lage m’ yon may ki toujou ède m’ reyalize pwojè m’ yo ak team mw kafou fèy ki là

@TKPNews: Konbyen Mizik ou sòti deja?

Dan Ruff: Mwen gen yon Mikstep 14 track ak lòt 2 mizik ki pa sou mikstep la, ak anpil lòt Mizik ke vwa m’ sou yo mwen pa ka konte?

@TKPNews: Nou konn tande yon mizik ou fè ak Blaze One Manman w’ ak Papa w’ pa vle w’ fimen Bòz la, èske w’ ka ban nou yon ti esplikasyon de kolabo sa?

Dan Ruff: Mwen ak Blaze one n’ap travay ansanm depi an 2007, li se yon zanmi sou pwojè mikstep la m’ te fè chwa de li pou mizik sa paske m’ konnen li t’ap ède m’ byen trete sijè a?

@TKPNews: Eske se ou ki te tcheke atis la oubyen se li kite fè chwa feat avè w’ ? Pou ou menm kisa kolabo sa te reprezante pou ou?

Dan Ruff: Kalabo sa se premye mizik ki ouvè pòt siksè a pou mwen lakòz de li tout peyi a konnen m’ pou mwen li reprezante fiti mwen nan mouvman rap la

@TKPNews: chak kilè w’ fimen Bòz la Dan?

Dan Ruff: M’ pa fimen non

@TKPNews: oke men ou jis fè mizik la konsa, konsa

Dan Ruff: wi

@TKPNews: kiyès nan mouvman rap la ki se yon ènmi pou ou?

Dan Ruff : M’ pa gen ènmi nan rap paske prèske tout moun mw kwaze sou chemen m’ nan mouvman an m’ gen bon relasyon ak yo

 @TKPNews: an ok mèsi, siw t’ap di yon dènye mo pou fanatik yo kisa l t’ap ye?

Dan Ruff: Dènye mo map di jèn yo pran lekòl au serye evite alkòl ak dròg epi pèsevere fè sakrifis pou sa yo renmen e bezwen

@TKPNews:  oke Dan Ruff ekip TKPNews lan remèsye w’ paske w’ te akòde nou entevyou sila, mèsi ankò yon lòt fwa

Ekri Pa : @JameslyPierre7 TKPNews

 

Check Also

Dekouvri T-Sony yon jèn atis ki sòti Gonayiv

T-Sony ki gen vrè non li Pierre Sony, se yon jèn atis ayisyen k’ap evolye …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *