Toussaint Max-Ocnald se yon jèn atis ayisyen Rapè, Jounalis, ekriven. Li fèt 28 Septanm nan lane 1994 Komin Kavayon, non atis li se Bright-Sun Firer Flamm. Depi nan laj 6 zan paran li te antre Pòtoprens, se la li t’ap al kontinye etid klasik li, Bright-Sun kòmanse karyè mizikal li depi lè li te gen 12 lane nan chante sou katye li ak kèk ti pwogram.
Nan lane 2013 li antre nan estidyo pou l’ te anrejistre premye mizik solo li titre “Mwen Pap Kapab” feat Rose Carlene se te yon bèl mizik, ki te pwouve kapasite l’ ki te fè l’ jwenn sipò Mackenson Severe ki te fè l’ jwenn yon entèvyou nan yon Radyo nan Pòtoprens. Li pa t’ sispann travay aprè 1 an malgre obstak, li sòti yon dezyèm mizik ki te pote tit “Anti-Social” ki te anonse 1e Mikstep li ki toujou an preparasyon, k’ap gen 10 Track sou li ki gen pou tit “Enchainement Psychologique” pwodui pa Fede Beatz k’ap disponib 30 Septanm 2017, Vant siyati a ap fèt Dèlma 41 nan Claranama.
Nan yon entèvyou Bright te akòde Ekip Ti Kwen Pam lan li fè konnen li pa gen Manager men li gen yon ekip serye k’ap travay avè l’. Li di nou li fè mizik se pa foli men se pou l’ degaje sa k’ anndan l’ atravè limanite.
Pou l’ te fini li remèsye Ti Kwen Pam News, Fede Beatz, RBS Force, Corrier Jackson, Jean Gérard Bousiquot , Le Moraliste, Dorie Promo, Steve Promo, Mackenson Severe, Monica Toussaint, Roseline Toussaint, Sterline Ostine, Jean Marie Exantus sa mwen pa site yo nou kè m’ mèsi, Mèsi.