Chabon se pral premye pwodui peyi Kiba pral ekspòte legalman Ozetazini aprè 2 peyi yo te sot pase 50 lane san yo pa t’ janm gen okenn relasyon diplomatik e komèsyal.
Nan yon antant istorik jedi 6 janvye 2017, konpayi ekspòtasyon leta kiben CubaExport anonse li pwal vann konpayi ameriken Coabana Trading yon chabon atizanal ki rele Marabou nan pri: yon tòn pou 420 dola. Chabon an pi chè lontan pase pri nòmal li sou mache a ki nan 360 dola.
Moun renmen chabon Marabou a pou tèt li boule pwòp e yo sèvi ak li anpil nan fou k’ap fè pizza ak pen.
Daprè antant la, kowoperativ kiben vann chabon an ak yon konpayi lokal ki anbale l’ e vann li ak konpayi leta kiben an, ki li menm ap vann li ak konpayi ameriken an.
Kiba ekspòte anviwon 80 mil tòn chabon marabou pa ane nan peyi Itali, Almay ak apeprè 6 lòt peyi.