Yon nèg ki ta Sanble gen maladi Mantal touye 5 moun nan ayopò Fort-Lauderdale la nan Florid

Ayopò Fort-Lauderdale nan eta Florid ki nan sidès Etazini relouvri pòt li aprè yon nèg ak zam te tire epi touye 5 moun e blese 8 lòt vandredi 6 janvye 2017 la. Atak la fèt nan seksyon kote pasajè avyon yo kon al reklame malèt yo.

Ayopò For-Lauderdale ki trè frekante te oblije fèmen pòt li aprè atak la. Anplwaye ayopò yo te travay tout nan nuit pou lokal la te kapab rekòmanse aktivite li yo nan samdi. Sepandan, yo te fè pasajè yo konnen pou yo kontakte konpayi avyon yo konsènan chanjman nan vòl yo.

Lapolis nan eta Florid arete Esteban Ruiz Santiago ki se yon jèn gason 26 zan kòm moun yo sispèk ki lanse atak la. Daprè nouvèl yo, Santiago se yon ansyen manm fòs Lame Amerikèn la.

Foto sa a w’ap gade a se Esteban Ruiz Santiago, sispèk nan atak ak zam nan Ayewopò Fort Lauderdale la nan Florid, vandredi 6 janvye 2017. Santiago se te yon militè nan Gad Nasyonal Etazini an. Li te fè sèvis militè nan Pòto-Riko.

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *